Accessibility links

Breaking News

Senatè Lambert Bay Detay sou Ensidan Kote Bandi te Louvri Zam sou Machin ni


Foto Achiv: Prezidan Sena Ayisyen an Joseph Lambert pale pandan yon konferans pou lapres nan Potoprens, 10 Janvye 2022.
Foto Achiv: Prezidan Sena Ayisyen an Joseph Lambert pale pandan yon konferans pou lapres nan Potoprens, 10 Janvye 2022.

Nan yon entèvyou ak yon stasyon radyo nan Potoprens, Senatè Joseph Lambert bay detay sou ensidan kote li te blese epi oblije al resevwa swen lopital Dimanch, 8 Janvye.

Senatè Lambert di te gen yon total 6 moun avè l - pami yo 2 polisye - lè bandi te louvri mitrayèt sou machin ni, ki se yon machin blende, epi mande l pou l soti. Senatè a di se limenm ki te dèyè volan an.

Senatè a di li te repon atak ak mitrayet la ak kout zam pa li.

"Mwen asire defans pa m, m vide bandi sa a ki te devanm nan atè. Epi lè sa a lot mesye ki te devanm nan, mesye pa m (gad sekirite li) te oblije desan atè pou yo pwoteje tèt yo devan bandi a."

Senatè a plenyen dèske bandi yo te gen tan rive tou pre li, epi se limenm ki te tire premye kout zam nan pou defann tèt li, aloske li te gen gad sekirite avèl.

Lambert di: "M paka premye moun ki tire yon bandi deyo a."

Senatè a di lè li te desann machin nan, li te konfime ke 3 bandi mouri. Li di lapolis konfime yo lanmo yo tou.

Pa rapo ak blesi li sibi, ki dapre nouvèl yo afekte je li, Senatè Lambert presize li pa blese pa bal. Sepandan li di li "riske fè yon emoraji serebral," dapre sa doktè di l.

Eske sete yon atak sible?

Lambert di: "Pa gen okenn kote yon nèg ale Potoprens kote li santi li an sekirite."

Senatè a di lavèy la (Samdi) li te rele chèf sekirite palman an pou mande l asire ke li te ka desann e li te rasire l ke li te ka vini.

"Yo di m mwen ka desann Dimanch a 11 zè."

Senatè a di li pa vle enplike ke te gen yon konbin pou atake l. Li ajoute li kontan pèson pat blese ni mouri, eksepte pou limenm.

Senatè Lambert di li gen pou l fè yon anons pa ekri sou sa ki pase l, epitou sou fen manda li antanke senatè.


Fred Cayemitte kontribye a reportaj sa a

XS
SM
MD
LG