Accessibility links

Breaking News

Avoka Brian Concannon Di Sanksyon Etazini Enpoze Kont Senatè Lambert, Latortue Administratif pa Jidisyè


FILE PHOTO: Former senator Youri Latortue in Port-au-Prince, Haiti, July 12, 2021. The United States and Canada on Friday imposed sanctions on him and Haitian Senate President Joseph Lambert.
FILE PHOTO: Former senator Youri Latortue in Port-au-Prince, Haiti, July 12, 2021. The United States and Canada on Friday imposed sanctions on him and Haitian Senate President Joseph Lambert.

Nan emisyon Twazyèm Mitan Lendi 7 Novanm nan, Avoka Ameriken Brian Concannon te diskite sou sanksyon Etazini pran kont Prezidan Sena Ayisyen an Joseph Lambert ak ansyen senatè Youri Latortue.

Depatman Trezò Etazini anonse Vandredi 4 novanm, sanksyon kont Prezidan Sena Ayisyen an Joseph Lambert ak ansyen senatè Youri Latortue ke otorite Ameriken di mele nan trafik dwòg.

Depatman Trezò di Etazini pran sanksyon sa yo an kolaborasyon ak gouvènman Kanada.

Avoka Brian Concannon, ki te patisipe nan emisyon VOA Kreyòl Twazyèm Mitan di sanksyon sa yo se yon desizyon administratif pa jidisyè. Li te kontinye pou l di si li te jidisyè se Depatman Jistis la ki tap pran desisyon an. Li ajoute yo tap oblije prezante devan yon jij Ozetazini, tout prèv yo genyen kont 2 politisyen Ayisyen yo.

 Avoka Brian Concannon Pale Sou Sanksyon Kont 2 Senatè Ayisyen
please wait

No media source currently available

0:00 0:23:52 0:00

Pou konkli Met Concannon fè konnen Depatman Trezò a pa oblije gen anpil prèv menm jan ak Depatman Jistis la pou l pran sanksyon kont yon moun.

2 Senatè yo te reaji apre anons sanksyon yo epi fe konnen se manti yap fè sou yo akòz pozisyon politik yo pran pa rapò ak demach pou kominote entènasyonal la voye yon fòs entevansyon militè an Ayiti. Tou le 2 lidè politik yo fè konnen yo pral konbat desisyon sila.

Jounalis VOA Kreyòl Valerio Saint Louis te mande Concannon ki vwa legal 2 politisyen yo kapab pran pou konbat desisyon sila. Dapre avoka a mesye yo paka fè okenn rekou devan yon tribinal, sel opsyon yo genyen se ta on petisyon pou mande Etazini ak Kanada re-konsidere sanksyon yo.

XS
SM
MD
LG