Accessibility links

Breaking News

Brezil : Fanatik yo Kriye pou Lanmò Pelé nan yon Espektak Piblik 

Pele's daughter, Kelly Cristina Nascimento, is seen next to the body of Brazilian soccer legend Pele in his casket, as he lays in state on the pitch of his former club Santos' Vila Belmiro Stadium in Santos, Jan. 2, 2023.

Plizyè milye fanatik ak dlo nan je rann Pelé yon dènye omaj kote sèkèy li ekspoze nan estad Vila Belmiro nan vil Santos.

Edson Arantes do Nascimiento , wa foutbòl brezilyen an, trankou anpil moun rele l, te mouri jedi ki sot pase la a nan São Paulo nan lo[ital Albert Einstein apre yon batay ak yon kansè kolon. Li te gen 82 zan

Sèkèy 3 fwa chanpyon dimond la ekspoze sou teren estad la kote li te make anpil bèl gòl nan karyè l. Yap fè yon mès Katolik sou teren an madi 3 janvye 2023 a anvan yo antere l nan yon simityè ki toupre a.

Ban yo nan estad la te ranpli ak flè fanatik yo te pote - Neymar ak Ronaldo te pami selebrite ki te voye flè pou mete sou teren an.

XS
SM
MD
LG