Accessibility links

Breaking News

Etazini: Otorite yo Pral Egzekite yon Fanm Transjan


Execution Transgender Inmate
Execution Transgender Inmate

Etazini-Jistis : Si Gouvènè Misouri a, Mike Parson, pa fè yon entèvansyon pou mande klemans(padon) pou Amber McLaughlin, li pral vin tounen premye fanm transjan( fanm ki chanje sèks) otorite lajisis ap egzekite.

Yo pwograme pou yo ekzekite l ak yon piki mòtèl poutèt li ta touye yon ansyen mennaj li nan ane 2003.

Yon jij te kondane amò McLaughlin apre lajistis te jwenn ni koupab pou zak asasinay ak vyòl an 2006.

An 2016, yon tribinal te bay lòd pou te gen yon nouvo odyans sou santans la , men yon panèl tribinal federal te retabli pèn lanmò a an 2021.

Avoka McLaughlin a di pa gen okenn apèl nan nivo sa a. Demand klemans ke yo fè a chita sou plizyè pwoblèm, ki gen ladann, McLaughlin te gen yon anfans twomatizan anpil e li ap soufri ak maladi mantal, yon aspè manm jiri a pat janm gen chans tande pandan jijman li an.

XS
SM
MD
LG