Accessibility links

Breaking News

Demokrat nan Kongrè Etazini an Pibliye 6 Ane Taks ansyen Prezidan Donald Trump


Trump Taxes
Trump Taxes

Demokrat nan Kongrè Etazini an pibliye 6 ane taks ansyen Prezidan Donald Trump vandredi, ki se aboutisman efò ki t ap fèt depi dèz ane pou chache konnen finans ansyen gwo òm dafè a. Li te aji kont yon tradisyon politik ki te la depi dè dizèn lane nan refize remèt enfòmasyon an volontèman lè-l te nan kous pou Mezon Blanch la.

Taks yo kote gen travay ki te fèt pou kouvri kèk enfòmasyon pèsonèl sansib tankou nimewo Sekirite Sosyal ak nimewo kont an bank, soti nan ane 2015 pou rive nan 2020. Yo gen preske 6-mil paj, pami yo plis pase 2-mil-700 paj taks pèsonèl Trump ak madanm li Melania, ak plis pase 3000 paj taks pou biznis Trump.

Piblikasyon sa a fèt apre yon vòt nan Komisyon Ways and Means nan Chanm Depite a, semèn pase, pou taks yo rive jwenn piblik la. Demokrat yo nan Komisyon an di sete yon efò pou piblik la konnen lavi moun nan gouvènman an e pou defann rèy lalwa, pandan Repibliken yo te reponn ke piblikasyon sa a ta trase yon ekzanp danjere kote moun pèdi pwoteksyon pou vi prive yo.

Apre tout batay legal Trump pou kenbe taks li sekrè, Lakou Siprèm, mwa pase a, te deside ke li dwe remèt yo bay Komisyon Ways and Means nan.

XS
SM
MD
LG