Accessibility links

Breaking News

Ayiti : Ekipaj bato lopital Lamarin Ameriken an Rekòmanse Bay Asistans Medikal Nan Vil Jeremi


希望之光:美國海軍“安慰號”醫院船駛入紐約港幫助抗疫
希望之光:美國海軍“安慰號”醫院船駛入紐約港幫助抗疫

Ayiti : Ekipaj bato lopital Lamarin Ameriken an USNS Comfort rekòmanse bay asistans medikal nan vil Jeremi apre li te fè yon kanpe pandan 2 jou depi li te rive sou kot sidwès peyi a

bato USNS Comfort rive Lendi pase a men li te sispann bay sèvis medikal tanporèman apre 19 moun ( 12 militè ak 7 sivil ) te tonbe nan lanmè pandan yo t ap debake

Yon ofisyèl lamarine amerikèn fè konen yo te genten pote sekou bay tout 19 moun yo e yo te rale yo soti nan dlo a abò ti bato sovtaj epi rale yo monte sou gwo bato a.

Yon lòt rezon ki fè yo te sispann operasyon yo e founi sèvis lasante nan zòn nan , se apre plizyè santèn moun te fè manifestasyon pwoteste kont prezans bato USNS la okoz yo pat konpran vrè rezon prezans gwo bato ameriken sa a sou waf Jeremi a

Nan kòmansman mwa Oktòb la , gouvènman Ayisyen a te mande deplwaman imedyat twoup etranje pou konbat gang yo e ede mete fen nan blokaj distribisyon gaz nan peyi a---yon blokaj ki te leve apre youn nan chef gang ki pi pwisan nan peyi a te pèmèt kamyon yo antre nan tèminal gaz Varreux a

Pa gen okenn twoup entènasyonal ki deplwaye, men Etazini ak Kanada anonse yon seri de sanksyon kont plizyè gwo pèsonalite ann Ayiti.

USNS Comfort, ke yo konsidere kòm yon lopital k ap flote sou lanmè , te vizite Ayiti plizyè fwa deja nan plizyè dizèn lane ki pase la yo pandan peyi t ap fè fas ak gwo difikilte nan sistèm sante a ki te frape ak gwo pwoblèm kouran elektrik ak rate gaz.

Kòmandan Melody O'Connor ki se Direktris Inite Medikal nan USNS Comfort: pale poul di

"Nou isit la sou tèren an pou nou pote sipò nou bay popilasyon lokal la ki gen bezwen medikal. Nou gen 4 diferen sèvis medikal nou bay. Nou sèvis pou dan , zye medsin jeneral, swen pou timoun , ak swen fanmilyal "

Bato lopital lamarine ameriken sa a gen kapasite pou li bay moun ki gen tout kalite maladi soti nan dyabèt rive nan kolera, avek epidemi sa ka kontinyèl touye plis pase 280 moun e enfekte plis pase 1- mil-100 lòt moun.

Lendi pase a Ayiti te resevwa plis pase yon milyon-17-mil dòz vaksen oral kont kolera ansanm avek èd Òganizasyon Panamerikèn Lasante ( OPS).

XS
SM
MD
LG