Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Dapre Nasyonzini Gang yo Kontwole Apeprè 60% Kapital la


FILE PHOTO: Jimmy "Barbecue" Cherizier gives press tour in Port-au-Prince
FILE PHOTO: Jimmy "Barbecue" Cherizier gives press tour in Port-au-Prince

NASYONZINI (AP) — Chèf imanitè Nasyonzini an ann Ayiti di prèske 60% kapital la anba kontwòl gang yo ki komèt zak vyolans ak abi seksyèl sou manm popilasyon an, sa ki fòse plizyè milye moun kite kay yo.

Ulrika Richardson te deklare , prèske 20 mil moun ap fè fas ak "kondisyon katastwofik tankou grangou" ak epidemi kolera a ki retounen nan peyi a e ki lakoz lanmò 283 moun .

Madam Richardson ki kontinye pou l di, Ayiti gen yon nesesite ijan kote mwatye popilasyon peyi a bezwen asistans ijan.

Prèske 12 mil moun te entène lopital ak maladi a depi 2 oktòb e kounye a gen plis pase 14 mil sispèk ka kolera.

XS
SM
MD
LG