Accessibility links

Breaking News

Nasyon Zini: Plis Pase 1400 moun Mouri Nan Zak Vyolans nan Ane 2022 a


CANADA-HAITI/
CANADA-HAITI/

Plis pase 1400 moun pèdi lavi yo e plis pase mil lòt viktim zak kidnaping ann Ayiti, dapre Nasyonzini.

Yon gwo responsab dwa moun nan Nasyon Zini, Volker Türk, mande pou "politisyen" nan nivo nasyonal ak entènasyonal, batay kont " enpinite" ann Ayiti.

"Depi nan kòmansman ane sa a, yon pakèt zak kriminel, 1448 moun rive pèdi lavi yo, 1145 blese ak 1005 gang te kidnape". Ofisyèl l’ONU an te fè yon chita ak medya yo nan okazyon Jounen Mondyal dwa moun nan.

Ayiti te bloke pandan plizyè ane ak yon gwo kriz ekonomik, sekiritè ak politik.

Kriminel nasyonal ak entènasyon touye Prezidan Jovenel Moïse nan mwa Jiyè 2021 an , sa ki vin agrave sitiyasyon nan ane 2022 a kote gang yo vin fò e yo vin gen plis tèritwa.

Mesye Türk deklare " kriz sa a gen plizyè dimansyon nou pa ka inyore ".

"Se yon peyi kote gang ame yo kwè yo gen sipò elit ekonomik ak politik, yo kontwole plis pase 60% nan kapital la, kote plis pase 4 milyon 700 mil moun fè fas ak grangou ak lavichè".

Polis Nasyonal la gen apeprè 13 mil ajan aktif nan mwa septanm nan dapre Nasyon Zini, sa vle di apeprè yon polisye pou mil moun.

Demand gouvènman Premye minis Ariel Henry te fè nan kòmansman mwa oktòb la pou yon "asistans militè entènasyonal" pou rezoud kriz sekirite a poko janm ka jwenn yon desisyon final nan Nasyon Zini.

Mesye Turk akize gang yo ki pratike "vyolans seksyèl sou viktim yo". Dapre yon rapò Nasyon Zini te pibliye nan mwa Oktòb pase a , gang yo vyole timoun kou granmoun aje" pami viktim genyen timoun ki gen selman 10 zan .

Wo Komisyonè a te ensiste pou di, yo dwe chita pou yo abòde "kòz ak rasin kriz la, patikilyèman inegalite sosyal, koripsyon, konplisite ant elit peyi ki trè pwisan ak lidè gang yo".

"Li pa akseptab pou moun pran avantaj sou ensekirite koryas sa a ak soufrans pèp ayisyen an,", Deklarasyon mesye Turk ki ajoute li byen akeyi tou dènye desizyon Konsèy Sekirite Nasyon Zini an pran pou sanksyone gang yo ak moun ki ap dirije yo.

XS
SM
MD
LG