Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Anpil "Eksplozyon" nan Kiev Dapre yon Otorite Minisipal


Mayor of Kiev Vitaly Klitschko
Mayor of Kiev Vitaly Klitschko

Majistra kapital Ikrenyèn nan, Vitaly Klitschko, anonse moun te ka tande anplil eksplozyon Mèkredi maten, apre lansman atak dwon ris yo lanse sou Ikrèn.

Majistra Klitschko presize gen "Plizyè eksplozyon ki rive nan distri Shevchenkivsky". Otorite minisipal la pibliye enfòmasyon sa yo sou medya sosyal, e li ajoute sistèm defans anti-ayeryen ikrenyen nan desann 10 dwon Iranyen ris yo te itilize .

Jounalis AFP yo di yo te wè debri dwon iranyen ki te kraze 2 bilding administratif nan distri a, dapre sa administrasyon militè kapital la rapòte.

Nouvèl yo pa rapòte okenn okenn viktim nan aktak sa yo.

Pandan plizyè semèn, Larisi lanse san rete plizyè atak kont enfrastrikti enèjetik yo nan Ikrèn, sa ki lage plizyè milyon moun nan fè nwa pandan peryòd fredi sa a .

XS
SM
MD
LG