Accessibility links

Breaking News

70 Peyi ak Enstitisyon Mondyal pran Angajman pou Bay Ikrèn yon Asistans Imedya


Ukraine's allies will meet in Paris
Ukraine's allies will meet in Paris

Anviwon 70 peyi ak enstitisyon mondyal, sou patwonaj lafrans, pran angajman madi 13 desanm nan pou ofri ukraine yon asistans imedya 1 milya 500 milyon dola pou pèmèt ukrèn travèse sezon ivè a nan moman larisi ap atake enfrastrikti enpòtan peyi a.

Objektif rankont la ke peyi Paris te patwone a, se te pou diskite sou kisa yo kapab ofri Ikrèn, soti depi nan mwa desanm nan pou rive jis nan mwa mas 2023 pou pèmèt peyi a jwenn dlo, manje, enèji, sante ak transpò pandan sezon fredi a.

Prezidan Zelensky ki te pale ak patisipan yo nan videyo konferans, deklare peyi l bezwen gwoup elektrojèn menm jan li bezwen machin blende.

Prezidan Inyon ewòp la Ursula Von Der Leyen deklare òganizasyon an ofri Ikrèn 40 jeneratè pou lopital peyi a ak 800 lòt pou l itilize lòt kote.

Rankont paris a, te dewoule anviwon 24è apre lidè gwoup 7 yo pran angajman pou satisfè demand ijan ikrèn genyen pou l jwenn ekipman militè ak defans.

XS
SM
MD
LG