Accessibility links

Breaking News

US Ap Bay Ikrèn $275 Milyon èd Militè


Ukraine war
Ukraine war

Ofisyèl yo fè konen ke Washington pral voye lòt seri èd militè ke yo evalye a $275 milyon bay Ikrèn.

Pakè èd sa gen ladann yon gwo kantite minisyon ak sistèm teknoloji ke yo kapab itilize pou detekte ak kontrekare dron Ris yo ap voye.

Kantite lanjan an piti anpil konpare ak lòt pakè èd yo te konn bay Kiev yo, ofisyèl militè ak ekspè yo prevwa yon rediksyon nan atak pandan sezon fredi a ki ap vini.

Sekretè Jeneral Òganizasyon Trete Nò Atlantik, Jens Stoltenberg, di ke Larisi sanble ap ralanti ak aktivite militè li yo pou regroupe epi lanse yon nouvo ofansif lè tanperati a chanje.

Ofisyèl yo te pale sou kondisyon anonimite pou diskite sou èd la anvan anons ofisyel la.

XS
SM
MD
LG