Accessibility links

Breaking News

Dè Milye Moun Pran Lari Kore di Sid pou Apiye Chofè Kamyon yo

Manm Konfederasyon Koreyen Sendika Travay yo chante slogan pandan yon manifestasyon kont politik travay gouvenman an tou pre Asanble Nasyonal la nan vil Seoul, kapital Kore di Sid, Samdi 3 Desanm, 2022.

Dè milye manifestan ki reprezante sendika travay yo pran lari kapital Kore di Sid la Samdi pou denonse tantativ gouvènman an ap fè pou fòse plizyè milye chofè kamyon retounen nan travay apre yo te vire do yo akoz yon kont ki pete sou pri transpòtasyon machandiz yo.

Poko gen okenn enfòmasyon sou moun ki ta blese nan gwo lese frape ki fèt pandan manifestasyon ki te dewoule tou pre Asanble Nasyonal la nan vil Seoul.

Manifestan yo, ki se manm Konfederasyon Sendika Komès Koreyen yo pou pi fo, akize Prezidan Yoon Suk Yeol ak gouvènman konsèvatè li a dèske yap oprime travayè yo epi pa okipe ditou move kondisyon travay ak defi finansye moun sa yo ap sibi, e ki vin pi grav akoz pri gaz la ki ogmante 17 wotè.

XS
SM
MD
LG