Accessibility links

Breaking News

Sekretè Defans Etazini Vle Kenbe Egzijans pou Tout Militè Peyi a Pran Vaksen COVID-19 la


Sekrete Defans Etazini Lloyd Austin prezante nouvo avyon bonbadye stealth B-21 Raider la nan katye jeneral Northrop Grumman ki fabrike avyon an, 2 Desanm 2022 nan Palmdale, Kalifoni.
Sekrete Defans Etazini Lloyd Austin prezante nouvo avyon bonbadye stealth B-21 Raider la nan katye jeneral Northrop Grumman ki fabrike avyon an, 2 Desanm 2022 nan Palmdale, Kalifoni.

Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin di klèman li vle kenbe egzijans pou tout militè Ameriken pran vaksen kont COVID-19 la. Li di se pou pwoteje sante twoup yo.

Sepandan, gouvènè ak palmantè Repibliken yo ap mete presyon pou anile egzijans sa a. Semèn ki sot pase a, plis pase 20 gouvènè Repibliken te voye yon lèt bay Prezidan Joe Biden kote yo mande administrasyon an wetire egzijans la. Yo di li gen move konsekans sou kapasite Gad Nasyonal Etazini genyen pou l rekrite twoup.

Kongrè a taka konsidere yon pwojè lwa nan semèn kap vini an pou mete fen nan egzijans la an echanj pou sipò pou adopte bidjè defans la pou ane kap vini an. Yo deja an reta pou fè sa.

Austin di egzijans la ede pwoteje sante fòs zame Etazini yo.

XS
SM
MD
LG