Accessibility links

Breaking News

Anvwaye Etazini Kerry Teste Pozitif pou COVID-19 nan Peyi Ejipt


Anvwaye Espesyal Etazini pou Chanjman Klimatik John Kerry pran la pawol nan rankont COP27 la nan peyi Ejipt, 17 Nov. 2022.
Anvwaye Espesyal Etazini pou Chanjman Klimatik John Kerry pran la pawol nan rankont COP27 la nan peyi Ejipt, 17 Nov. 2022.

Anvwaye Etazini pou Chanjman Klimatik, John Kerry teste pozitif pou COVID-19 nan peyi Ejipt, kote lap asiste rankont o somè sou Chanjman Klimatik la COP27.

Yon pot pawol di Kerry gen sentom leje e li kontinye ap travay pa telefon.

Nouvèl la tonbe Vandredi swa nan moman rankont la ap kontinye pandan wikèn nan, apre yo depase limit Vandredi pou rankont la te pran fen.

Yon nouvo pwojè rezolisyon te pibliye Vandredi maten. Se prezidans Ejipt la ki pibliye'l e li gen apepre 10 paj. Moun kritike'l deske li gen pawol vag e ke gen anpil bagay yo mete ladann ki pa gen okenn valè.

Sepandan, nouvo dokiman 10 paj la pa gen anpil bagay nouvo ladann, ak plizyè opsyon ki poko finalize.

XS
SM
MD
LG