Accessibility links

Breaking News

Apeprè 13,000 Sòlda Ikrenyen Pèdi Lavi Yo Depi Kòmansman Lagè a


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

13,000 solda Ikrenyen mouri depi envazyon Larisi lanse nan Ikrèn nan nan mwa fevriye a, yon ansyen konseye Prezidan Vladimir Zelensky deklare.

Mykhailo Podolyak te di Channel 24 Ikrèn nan Jedi: "Nou gen estimasyon kek chif ofisyèl ki soti bo kote Chef Deta Majo Fos Zame a, varye ant 10,000 ... ak 13,000 viktim."

Li kontinye poul di ke prezidan Zelensky ap mete chif ofisyèl yo piblik "lè moman an rive", lè sa dwe fèt.

Nan mwa jen, pandan fòs Ris yo t ap goumen pou yo pran kontwòl total rejyon Lugansk la, Zelensky te di Ikrèn ap pèdi "60 a 100 sòlda pa jou, yo te mouri sou chan batay , ak anviwon 500 lòt ki blese".

Minis Defans Ris la Sergei Shoigu nan mwa septanm nan te di 5,937 moun te pèdi lavi yo nan twoup Ris la.

Dapre analiz ki fèt yo sispèk tou 2 fòs militè yo minimize pèt yo pou evite andomaje moral twoup yo ki sou chan batay la.

Jeneral ameriken Mark Milley mwa pase a te di ke plis pase 100,000 militè Ris te mouri oswa blese nan Ikrèn, e li te fè konnen gen anpil chans pou se menm chif sa yo bò kote fòs Kyev yo.

XS
SM
MD
LG