Accessibility links

Breaking News

Moskou Konvoke Anbasadè Nòvejyen an Apre Arestasyon Plizyè Ris nan Nòvej

Russian Orthodox believers cross the road to line up to kiss the relics of Saint Nicholas that were brought from an Italian church where they have lain for 930 years, in the Christ the Savior Cathedral in Moscow, Russia. The photo was taken on May 26, 201

Anbasadè Nòvejyen an nan Moskou te jwenn konvokasyon li nan Ministè Afè Etranje Ris la Lendi pou pwoteste apre arestasyon plizyè sitwayen ris nan peyi Nòvèj ke deske yo akize mete 2 dron anlè.

Robert Kvile di ke arestasyon yo "inakseptab".

Moskou mande otorite Nòvejyen yo pou yo "sispann aksyon rusofob sa yo ak pèsekisyon sitwayen ris yo sou baz nasyonalite yo".

Prèske yon douzèn ris te jwenn arestasyon yo nan Nòvèj nan semèn ki sot pase yo. Dapre sa otorite yo di yo te itilize dron pou fè foto sit ki sansib pou sekirite peyi a.

Youn nan yo, yon sitwayen Ris ki te kite Larisi pou chape anba mobilizasyon ki genyen nan lame a, te tonbe anba kondanasyon Mèkredi poul al pase 90 jou nan prizon.

Menm si li te sèlman fè foto ak filme peyizaj, la jistis Nòvejyen te konsidere ke li te vyole entèdiksyon ki genyen pou vole dron sou teritwa peyi Nòvèj.

XS
SM
MD
LG