Accessibility links

Breaking News

Musk Gen Entansyon Re-Lanse Sèvis Prim Twitter la, Ankò


Foto Achiv: Paj rezo sosyal Twitter la.
Foto Achiv: Paj rezo sosyal Twitter la.

Elon Musk deklare Twitter gen entansyon re-lanse sèvis prim li a ki pral ofri divès koulè koch pou abone li yo apati semèn pwochèn.

Anons la Vandredi, se dènye nan yon seri chanjman rezo sosyal la anonse lap fè sou platfòm li an, depi milyadè ak PDG Tesla a, Elon Musk te achte Twitter pou $44 milya.

Nouvèl la vini tou, yon jou apre Musk te anonse li pral akòde kont Twitter sispann yo yon "amnisti".

Anvan sa, Twitter te sispann sèvis prim nan, kote Musk te vize fè tout moun ki gen koch ble a sou kont yo peye $8 pa mwa. Men misye te abandone lide sa a akoz posibilite pou moun ta kreye fo kont anba non moun ki gen kont verifye ki gen koch ble sa a.

Nan plan revize Twitter la, Musk deklare kont konpayi yo ap gen yon koch koule lò, gouvènman ap gen yon koch gri, epi endividi, kitse selebrite ou pa ap gen koch ble.

XS
SM
MD
LG