Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Repran Bouk Snihurivka nan Men LaRisi


A Ukrainian serviceman stands on a street in a village near the newly recaptured city of Snihurivka, in Mykolaiv region, Ukraine Nov. 10, 2022.
A Ukrainian serviceman stands on a street in a village near the newly recaptured city of Snihurivka, in Mykolaiv region, Ukraine Nov. 10, 2022.

Ikrèn fè konnen jodi a li repran bouk Snihurivka nan men LaRisi, dènye bouk ki te rete anba kontwòl LaRisi nan rejyon Mykolaiv, e yon lokalite estratejik ki mennen nan vil Kherson.

Minis defans LaRisi a fè konnen mèkredi ke twoup Moskou yo t ap kite Kherson ki se yon vil kle nan sid Ikrèn, malgre otorite Ikrèn yo doute ke LaRisi ap vrèman kite sèl kapital ke li te pran nan envazyon an depi Fevriye pase.

Ikrèn sispèk ke yon retrè konsa kapab se yon trap ke Kremlen an tann pou fòs Ikrèn yo. Prezidan Biden pa vle di si yon retrè konsa ta pouse Kyèv negosye ak Moskou.

XS
SM
MD
LG