Accessibility links

Breaking News

Blinken: "40% Enfrastrikti ki Bay Dlo Cho ak Elektrisite an Ikrèn Detwi"


Russia Ukraine War Daily Life
Russia Ukraine War Daily Life

Nan peyi Almay, chèf diplomasi Ameriken Antony Blinken denonse zak larisi ap fè nan vil Ikrenyen yo kote li detwi anpil enfrastriki kle.

Atak yo fèt kont enfrastrikiti vital sa yo nan yon moman kote sezon fredi a pral kòmanse.

Dapre Blinken taktik sa a otorite yo nan Larisi ap itilize a, se pou eseye" konpanse pou defèt yo sou chan batay la nan Ikrèn, nan sans sa yo deside detwi enfrastrikti vital peyi a pou eseye 'jele' popilasyon nan sezon fredi a".

Li te kontinye pou di: "40% nan enfrastrikti ki bay dlo cho ak elektrisite pou Ikrenyen yo te detwi (...)". Blinken te fè dekalrasyon sa yo pandan yon konferans pou laprès apre yon reyinyon G7 la nan vil Muenster nan peyi Almay.

XS
SM
MD
LG