Accessibility links

Breaking News

Blinken, Trudeau Diskite sou Ikrèn, Ayiti


Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau ak Sekrete d Eta Antony Blinken pandan yon rankont bilateral nan Ottawa, Ontario, Kanada, 27 Oktob, 2022.
Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau ak Sekrete d Eta Antony Blinken pandan yon rankont bilateral nan Ottawa, Ontario, Kanada, 27 Oktob, 2022.

Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau rankontre Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken Jedi 27 Oktob la, yon ti tan apre Kanada te anonse li pral eseye antre nan gwoup ekonomik Endo-Pasifik la.

Premye Minis Trudeau deklare: "Se yon vre plezi pou'm akeyi Sekrete d Eta Antony Blinken nan Ottawa. Tony, mwen kontan we w. Nou gen anpil bagay pou n diskite, pa selman relasyon sere sere ant nou, men gen anpil bagay ke nap travay ansanm sou yo pou benefisye sitwayen nou yo e ki vize konre enflasyon, apiye moun ki nan pwoblem, e nou kanpa kot-a-kot toupatou nan mond lan. Byen antandu pa rapo ak Ikren nou kanpe ansanm kont Larisi, epi nap defann demokrasi epi eseye montre moun toupatou nan mond lan jan se yon bagay ki enpotan."

Rankont la vini apre Blinken te rankonre tokay li, Minis Afe Etranje Melanie Joly nan sa li te dekri tankou yon sesyon travay "fantastik" kote yo te diskite sou dives kestyon ekonomik ak politik etranje.

Trudeau ak Blinken souliyen peyi yo ap kowopere ansanm sou kestyon ki genp ou we ak Ikren, Iran ak Ayiti - antwot.

Sekrete Antony Blinken deklare: "Se yon plezi pou'm isit, se yon plezi pou'm ave'w premye minis, mwen kontan nou gen opotinite sa epi mwen tre rekonesan pou konvesasyon mwen konnen nou pral genyen. Nou te gen yon sesyon travay fantastik ak minis Joly nou te dejene ansanm e mwen kwe tout sa premye minis la fek di la a sete sije disksyon nou yo."

Pandan vizit li nan Kanada, Blinken te vizit tou yon kominote ki apiye refije Ikrenyen yo ak Premye Mini Adjwen Chrystia Freeland, epi li te rankontre Direkte Komisyon Unyon Afrik la, Mousa Faki.

XS
SM
MD
LG