Accessibility links

Breaking News

Kèk Migran Disparèt Apre Bato yo Chavire nan Bè San Juan nan


Zile Mona, Potoriko nan mitan (a gosh se Repiblik Dominiken, a dwat se Potoriko)
Zile Mona, Potoriko nan mitan (a gosh se Repiblik Dominiken, a dwat se Potoriko)

Otorite yo ap chache omwens 8 migran ke yo kwe disparèt nan lanmè tou pre yon zon istorik kapital Potoriko a.

Gad Kot Etazini di migran yo te abo yon bato ki chavire nan Bè San Juan nan Madi swa. Se sa 2 moun ki soti vivan e ki se moun Repiblik Dominiken rakonte.

Operasyon sekou Mekredi a fèt nan moman kote gen yon pakèt vwayaj migran anbachal kap fèt ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn kote moun yo ap kouri pou lamize ak zak vyolans.

Ant Oktob 2021 ak Septanm 2022, Gad Kot Etazini bate omwens 88 bato migran konsa nan lanmè ant Potoriko ak Pasaj Mona a.

XS
SM
MD
LG