Accessibility links

Breaking News

Venezuela: Eboulman Touye Pou Pi Piti 22 Moun Apre Yon Lapli Lavalas


Venezuela
Venezuela

Yon eboulman akoz inondasyon ak plizyè jou lapli Lavalas kouvri yon bouk nan sant Venezuela, kote 22 moun pou pi piti pèdi lavi yo lè eboulman an trennen labou, wòch ak pye bwa travèse plizyè katye, dapre enfòmasyon otorite yo bay dimanch. Gen plizyè douzèn moun ke yo pako jwenn.

Rezidan nan Las Tejerias nan Santos Michelena, yon bouk ki gen endistri agrikòl nan eta Aragua, ki nan 87 kilomèt distans ak pati sid kapital la Caracas, te gen sèlman kèk segonn pou yo wete kò yo nan danje, samdi a, lè debri t ap glise desann yon pant mòn pou rive sou yo.

Vis-prezidan Delcy Rodriguez di nan televizyon leta Venezolana de Televisyon, otorite yo pwal pare abri pou moun ki pèdi kay yo.

XS
SM
MD
LG