Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy Siyen Yon Dekrè ki Di Negosyasyon ak Putin Vin “Enposib”


UN-DIPLOMACY-GENERAL ASSEMBLY-ZELENSKY
UN-DIPLOMACY-GENERAL ASSEMBLY-ZELENSKY

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy siyen yon dekrè ki deklare ke negosyasyon ak Prezidan ris Vladimir Putin vin “enposib” apre Putin te chache anekse, kidonk antre nan teritwa li 4 rejyon nan Ikrèn.

Pòtpawòl Kremlen Dmitry Peskov di jounalis yo ke, dapre Ikrèn, LaRisi ta tann pou Zelenskyy chanje lide oubyen jouk lè yon nouvo prezidan moute nan Ikrèn.

Anvan sa jodi a, chanm Sena a nan palman ris la te vote pou fè 4 rejyon sa yo tounen yon pati nan LaRisi, apre Ikrèn te kondane aneksyon an ansanm ak alye-li-yo nan loksidan e apre Sekretè Jeneral l-ONU Antonio Guterres te dekri li kòm yon aksyon danjere ki pa gen valè legal.

Chanm despite LaRisi-a te deja apwouve desisyon an apre LaRisi te òganize referandòm nan 4 rejyon nan Ikrèn ki anba kontwòl twoup ris yo.

XS
SM
MD
LG