Accessibility links

Breaking News

Ewòp Ap Planifye Pou Dekonekte Plizyè Rezo Telefòn Mobil Akòz Pwoblèm Gaz


Workers install 5G telecommunications equipment on a T-Mobile tower in Seabrook, Texas, May 6, 2020.
Workers install 5G telecommunications equipment on a T-Mobile tower in Seabrook, Texas, May 6, 2020.

Gen posibilite pou itilizatè telefon entèlijan yo pèdi siyal pandan sezon fredi a nan kèk peyi sou kontinan Ewòp la, akoz blakawout oswa rasyonman elektrisite ki pral afekte anpil nan rezo yo.

Livrezon gaz Ris la an Ewòp, avek sanksyon Lwès ki lye ak konfli a nan Ikrèn, se rezon ki dèyè tout kè sote sa yo dèske ap gen gwo mank elektrisite sou kontinan an.

Ofisyèl telekominikasyon yo pè yon sezon fredi sevè ka teste enfrastrikti ki an plas yo, e sa pral fòse gouvènman yo ak biznis yo pran gwo desisyon.

Anpil peyi Ewopeyen kounye a pa gen ase rezèv pou fè fas ak yon pann kouran.

Peyi Inyon Ewopeyen yo, sitou Lafrans, Syèd ak Almay, ap travay pou asire ke sistèm telekominikasyon yo toujou fonksyone.

XS
SM
MD
LG