Accessibility links

Breaking News

Putin Defye L Oksidan, Òganize Seremoni Aneksyon 4 Rejyon Ikrenyen


Russia Ukraine
Russia Ukraine

KYEV, Ikrèn (AP) — Prezidan Ris Vladimir Putin siyen trete pou anèkse yon pati nan Ikrèn, ki se yon zak ki defye lwa entènasyonal yo.

Nan yon seremoni Kremlin te òganize Vandredi, Putin ak plizyè lòt chèf pwo-Moskou ki soti nan 4 rejyon sa yo nan Ikrèn ki te deja pran endepandans yo, mete non yo sou trete pou rejyon yo ka vin fè pati Larisi.

Aksyon an reprezante yon eskalasyon tèt chaje nan konfli a, ki deja gen plis ke 7 mwa nan Ikrèn.

Siyati a te fèt 3 jou apre otorite yo te fin fè yon"referandòm", ke l Oksidan pa rekonet kom lejitim.

Nan yon diskou Putin te bay nan Moskou pandan seremoni a, li te deklare l ap pwoteje rejyon sa yo ki fèk antre nan Larisi ak "tout mwayen ki disponib".

XS
SM
MD
LG