Accessibility links

Breaking News

Lidè Repiblik Popilè Lugansk Mande Putin Kite yo fè Pati Larisi


Leonid Passetchnik Lidè Repiblik Pèp la nan Lugansk
Leonid Passetchnik Lidè Repiblik Pèp la nan Lugansk

Lidè pwo-ris nan rejyon Ikrenyen ki rele Repiblik Popilè Lugansk fè yon diskou kote li anonse li mande Prezidan Ris la, Vladimir Putin, ofisyèlman pou li kite repiblik la fè pati Larisi.

Anons sa a, ke Leonid Passetchnik fè nan yon videyo li pibliye, rive yon jou apre dewoulman yon referandòm ke kominote entènasyonal la konsidere kòm "yon maskarad referandòm".

Passetchnik pibliye yon tèks sou Telegram kote li di:

"Chè Vladimir Vladimirovich (...) Mwen mande w konsidere demann nou fè pou Repiblik Popilè Lugansk antre nan Federasyon Ris la."

Li ajoute:

"Nou byen konnen lyen istorik, kiltirèl ak espirityèl ki egziste ant nou menm ak pèp miltinasyonal la nan nò Larisi; rèv nou tout se pou nou vin fè pati Larisi."

Anvan sa, Mesye Passetchnik te deklare ke li te ale Moskou, menm jan ak tokay li nan rejyon an Donetsk, Denis Pushilin, pou yo te fòmalize anèksasyon an.

Responsab Kherson ak Zaporizhya (nan sid Ikrèn), Vladimir Saldo ak Yevgeny Balitsky, voye 2 lèt menm jan an bay Vladimir Putin.

XS
SM
MD
LG