Accessibility links

Breaking News

Larisi Menase Ankò Pou l Sèvi Ak Zam Nikleyè


Members of an electoral commission empty a ballot box at a polling station following a referendum on the joining of Russian-controlled regions of Ukraine to Russia, in Sevastopol, Crimea, Sept. 27, 2022.
Members of an electoral commission empty a ballot box at a polling station following a referendum on the joining of Russian-controlled regions of Ukraine to Russia, in Sevastopol, Crimea, Sept. 27, 2022.

Larisi menase ankò Madi 27 septanm lan pou l sèvi ak zam nikleyè, nan dènye jou referandòm li òganize nan kat rejyon ki sou kontwòl li nan Ikrèn. Kyev konsidere referandòm sa a kòm tentenand.

Ansyen prezidan Larisi ki se an menm tan nimewo 2 Konsèy Sekirite Ris la, Dmitry Medvedev, te asire ke Moskou pral defann nouvo teritwa sa yo, ke li gen entansyon enkòpore kòm teritwa Larisi apre eleksyon sa a. Medvedev ajoute Larisi pap ekate posibilite pou l ta itilize "zam nikleyè" pou fè sa.

Moun ki rete nan Mariupol,nan sid Ikrèn te kontinye vote nan referandòm nan kote yo tap chwazi si wi ou non Larisi dwe anekse teritwa sa a.

Mariupol, ki se yon rejyon ki pale Ris nan Donetsk, te detwi yon sèmen apre envazyon Ris la.

4 rejyon nan Ikrèn, ke ris yo kontwole, kontinye ap vote nan referandòm sa.

Kyèv ak l'Oksidan deja di yo pa rekonèt rezilta referandom sa a.

XS
SM
MD
LG