Accessibility links

Breaking News

Referandòm ap Fet nan Rejyon LaRisi Kontwole nan Ikren


Yon elekte depoze yon bilten pandan referandom nan Mariupol, nan rejyon Donetsk ke separatis Ris yo kontwole nan Ikren, 23 Sept. 2022.
Yon elekte depoze yon bilten pandan referandom nan Mariupol, nan rejyon Donetsk ke separatis Ris yo kontwole nan Ikren, 23 Sept. 2022.

Referandòm tanmen nan rejyon ke LaRisi kontwole nan Ikrèn pou mande elektè yo si yo vle pou rejyon sa yo tounen yon pati nan LaRisi.

Vòt la tanmen jodia nan Luhansk, Kherson ak Zaporizhzhia ke LaRisi kontwole an pati, ak rejyon Donetsk.

Vòt la, ke anpil moun wè kòm yon fason pou LaRisi jistifye desizyon pou li antre rejyon sa yo nan LaRisi, pa antre nan santiman loksidan.

Òganizasyon pou Sekirite ak Koperasyon ann Ewòp deklare rederandòm yo illegal.

Vòt jodia ap dewoule apre prezidan ris Vladimir Putin fin anonse ke li gen entansyon mobilize jiska 300-mil twoup anplis pou operasyon militè espesyal li a nan Ikrèn. Putin te di nan diskou li ke sa nesesè pou pwoteje teritwa LaRisi ak dwa granmoun peyi a.

XS
SM
MD
LG