Accessibility links

Breaking News

Larisi: Rezèvis ap Kouri Kite Peyi a Pou Evite Batay nan Lagè Ikrèn nan


Plizyè moun, a pye oswa nan machin, devan fwontyè ki separe Mongoli ak Larisi nan moman y ap kouri kite peyi a, apre Kremlin an lanse apèl pou dè santèn rezèvis ale batay nan lagè nan Ikrèn nan.

Ofisyèl nan vil Altanbulag di AFP ke plis pase 3,000 stiwayen ris te antre nan Mongoli depi Mèkredi, e pifò ladan yo se gason.

Semèn ki sot pase a Prezidan ris la te avèti nasyon an ke Larisi pare pou sèvi ak "tout mwayen defans li genyen a la dispozisyon li " pami yo zam nikleyè, pou "pwoteje" tèt li.

XS
SM
MD
LG