Accessibility links

Breaking News

Etazini, Larisi Twoke Pawòl Piman Bouk nan LONU


Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy pale devan asanble jeneral Nasyonzini, Mekredi 21 Sept. 2022.
Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy pale devan asanble jeneral Nasyonzini, Mekredi 21 Sept. 2022.

Etazini prezante pozisyon ni devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an sou poukisa yo ta dwe sansire Larisi apre envazyon li nan Ikrèn.

Entèvansyon sa a vini yon jou apre Prezidan Joe Biden te kritike Larisi pou sa li fè nan Ikrèn devan asanble jeneral LONU.

Sekrete d Eta Antony Blinken di manm konsèy sekirite nan Larisi komèt plizyè krim lagè ak lot atwosite nan Ikren. Blinken mande yo "voye yon mesaj kle" bay Larisi pou fe'l sispann menase moun ak zam nikleyè.

Minis Afe Etranjè Ris la, Sergei Lavrov, te reponn kif-kif. Li deklare Etazini enjis e ke se Ikrèn ki responsab pou sa.

XS
SM
MD
LG