Accessibility links

Breaking News

Biden: Larisi 'Vyole Chat LONU an nan Ikrèn yon Fason Sanwont'


Prezidan Etazini Joe Biden pwononse yon diskou devan Asanble Jeneral Nasyonzini nan Nouyok, Mekredi 21 Sept. 2022.
Prezidan Etazini Joe Biden pwononse yon diskou devan Asanble Jeneral Nasyonzini nan Nouyok, Mekredi 21 Sept. 2022.

Prezidan Joe Biden deklare ke Larisi vyole "yon fason sanwont prensipal prensip" chat Nasyonzini an ak "lagè brital san pwovokasyon l ap mennen nan Ikrèn nan ."

Biden pwononse mèkredi yon diskou pwisan, kote li kondane envazyon Larisi a devan oganizasyon entènasyonal la. Prezidan ameriken an di abi ki fèt sou sivil yo nan Ikrèn "ta dwe fè san w tresayi nan venn ou."

Biden ajoute nouvo menas nikleyè Prezidan Ris la, Vladimir Putin, ap lanse kont Lewòp yo montre yon "mepri enpridan" pou responsabilite peyi li genyen antanke nasyon ki te siyen Trete Non-Pwoliferasyon Zam Nikleyè a.

Lidè ameriken an mete aksan tou sou konsekans envazyon an genyen sou alimantasyon atravè lemond e li pwomèt 2 milya 900 milyon dola asistans pou konbat ensekirite alimantè toupatou nan lemond -ensekirite ke lagè a ak konsekans chanjman klimatik yo koze.

XS
SM
MD
LG