Accessibility links

Breaking News

77èm Asanble Jeneral Nasyonzini an : Yon Edisyon Espesyal


Yon tablo atis Brezilyen Eduardo Kobra, atire atansyon moun sou chanjman klimatik ak travay ki pou fet pou pran swen planet te a, devan katye jeneral Nasyonzini, anvan komansman Asanble Jeneral LONU an, Vandredi 16 Sept. 2022.
Yon tablo atis Brezilyen Eduardo Kobra, atire atansyon moun sou chanjman klimatik ak travay ki pou fet pou pran swen planet te a, devan katye jeneral Nasyonzini, anvan komansman Asanble Jeneral LONU an, Vandredi 16 Sept. 2022.
77e Asanble jeneral Nasyonzi ap dewoule ane sa a ant 12 e 27 septanm 2022 apre 2 lane li pat dewoule an prezans fizik tout moun akoz pandemi COVID-19 LA . Edisyon a reyini 170 patnè sosyete sivil la, antrepriz sa , inivèsite, ak sitèm Nasyonzini an k ap pou akselere objektif devlopman dirab (ODD) . Asanble jeneral sa a dewoule nan yon kontèks lagè avek envazyon Larisi nan peyi Ikrèn depi 24 fevriye 2022 a , sa ki pèmèt gras ak yon vot òganizasyon mondyal la pou prezidan ikrenyen an Volodimyr Zelenskyy pran lapawòl pa vizyo konferans ou atravè yon diskou anrejistre. Nan menm moman tou, anpil atansyon fikse sou Lagrand Bretay k ap rann yon dènye omaj bay Rèn Elizabeth ak fineray nasyonal yo k ap dewoule lendi 19 septanm nan.

Prezidan 77èm Asanble Jeneral Nasyonzini an, ongwa CSABA Korösi ki ranplase Abdulla Shahid ( moun zile Maldi yo ) ki pran fonksyon madi 13 septanm 2022 a apre vsesyon plenyè nan lavèy, pale de solisyon gras ak solidarite, dirabilite ak lasyans. Nouvo prezidan di tou:

"Nou dwe rebati konfyans, e poutèt sa, nou pa gen tan pou nou pèdi"

E tem ane sa a se : "Yon moman desizif : Solisyon transfòmatris pou yon pakèt defi ki youn depann de lòt" Kidonk, anpil gwo defi deja byen chita nan pwogram edisyon an tankou : pandemi COVID-19, Gè a ann Ikrèn, kriz imanitè, lamizè nan lemond, chanjman klimatik san bliye ekonomi mondyal la.

Anvan defile lidè mondyal yo genyen plizyè evenman ki nan istwa asanble sa a . Genyen ki tradisyonèl, e gen ki nouvo . N ap siyale Global Africa Business Initiative ( Pwogram Mondyal Antrepriz Afrikèn yo). E Lafrik prezante tèt li konnye tankou yon poto mitan nan komès mondyal la ak yon "opportunité de maché " ki rive 2,5 bilyon dola. Yon lòt kote, yon somè sou edikasyon kote sekretè Jeneral Nasyonzini an , António Guterres ankouraje bayè yo pou ede peyi ki an devlopman yo .

Somè sou edikasyon sa a ki komanse samdi 17 septanm nan ap fini lendi 19 septanm ak yon deklarasyon Mesye Guterres devan lidè mondyal yo .

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG