Accessibility links

Breaking News

Macron UNGA: Envazyon Ikrèn Montre Mond lan 'Retounen nan Epòk Enperyalis la'


World leaders address the 77th Session of the United Nations General Assembly at U.N. Headquarters in New York City
World leaders address the 77th Session of the United Nations General Assembly at U.N. Headquarters in New York City

Prezidan franse a Emmanuel Macron nan Madi akize Larisi kòm kwa li ta pwovoke yon "retou nan enperyalism" an Ewòp lè li anvayi Ikrèn nan fen mwa fevriye a.

Li deklare: "Sa nou ap gade la a depi 24 fevriye a se yon retou nan epòk enperyalis ak kolonyalism yo. Lafrans refize apsete sa ki ap fèt la epi nap mande lapè".

Macron ajoute: "Pozisyon nou an klè sou sa - se dyalòg ki dwe kontinye fèt ak Larisi tankou jan nou te kòmanse fè l depi anvan lagè a te kòmanse. Paske se konsa n ap kapab chache lapè ansanm ansanm."

XS
SM
MD
LG