Accessibility links

Breaking News

Afrik: Nouvo Prezidan Kenya, William Ruto, Prete Sèman


Tomada de posse de William Ruto
Tomada de posse de William Ruto

Nouvo prezidan peyi Kenya a, William Ruto, prete sèman madi apre yon kous ki te sere anpil e ak yon viktwa tou mens sou rival li Raila Odinga, ki te di li p ap prezan nan prestasyon sèman an.

Plizyè dizèn milye moun nan Kenya ak pou pi piti 20 chef deta te rasanble nan Sant Espòtif Entènasyonal Moi nan kapital la Nairobi pou yo ka asiste seremoni an.

Anpil moun te chache fòse pou yo antre nan estad la, e responsab kominikasyon LaKwa Wouj nan Kenya, Peter Abwao fè konnen moun ki te premye pote sekou yo te trete apeprè 40 moun ki te resevwa blesi lejè.

XS
SM
MD
LG