Accessibility links

Breaking News

Travayè Sid Afriken Pran Lari Kapital la Pou Pwoteste Kont Enflasyon


Manifestan ki se manm dives sendika travay pran lari pou pwoteste kont gouvenman an ak laviche nan Pretoria, Afrik di SId, 24 Out 2022.
Manifestan ki se manm dives sendika travay pran lari pou pwoteste kont gouvenman an ak laviche nan Pretoria, Afrik di SId, 24 Out 2022.

Travayè Sid Afriken yo pran lari pou pwoteste kont lavichè ak pri petwol la ak pri pwodwi premye nesesite yo ki ogmante 17 wotè.

Apepre 1,000 travayè te defile Mèkredi kote yo te pase devan bilding Sendika yo, syèj gouvènman an nan Pretorya epi yo lanse apèl bay gouvènman Prezidan Cyril Ramaphosa pou'l fè yon jan pou jere pri pwodwi yo kap ogmante.

Ekonomi Afrik di Sid la ap soufri ak move konsekans pandemi COVID-19 la, kote 2 milyon moun pèdi travay yo epi to chomaj la te ogmante a 35%.

Envazyon Larisi fè nan Ikrèn nan frape ekonomi Sid Afrikèn nan di tou, e sa kontribye a pri gaz la ki rive nan nivo pi wo yo janm konstate.

XS
SM
MD
LG