Accessibility links

Breaking News

Putin sou Livrezon Gaz: 'Yo (ka) Pa Jwenn Ni gaz, Ni Chabon'


FILE PHOTO: Russia's President Vladimir Putin attends a parade marking Navy Day in Saint Petersburg, Russia
FILE PHOTO: Russia's President Vladimir Putin attends a parade marking Navy Day in Saint Petersburg, Russia

Tansyon ap ogmante ant Moskou ak Inyon Ewopeyen an soukestyon livrezon gaz Ris la.

Pandan li t ap defann tèt li kont akizasyon komkwa l ap sèvi ak gaz la tankou yon "zam", Vladimir Putin menase pou l sispann tout livrezon gaz si yo ta chache limite pri gaz la sou mache a.

Putin te fè deklarasyon sa yo pandan yon fowòm ekonomik nan Vladivostok.

Li kontinye poul di "Nou pap delivre anyen ditou si li pa ekonomikman nan avantaj nou. Nan ka sa a, yo pap jwenn ni gaz, ni chabon (...). yo pap jwenn anyen ditou".

Men, kèk moman apre, Prezidan Komisyon Ewopeyen an, Ursula von der Leyen, te relanse lide pou yo ta soulaje popilasyon epi bese bòdwo enèji a.

Pou Brusèl, desisyon yap pran pral ede "diminye kantite kob kap antre nan poch " otorite Ris yo, k ap itilize lajan an pou "finanse lagè nan Ikrèn".

Kyèv bò kote pal denonse sa rele "pwopagann Larisi ap fè a kote li menase pou l koupe gaz lap voye ann Ewòp pandan ke sezon fredi a ap rive talè konsa".

XS
SM
MD
LG