Accessibility links

Breaking News

Zaporizhia: Zelensky Mande Sanksyon Kont Gwoup Ris Rosatom


UKRAINE-CRISIS/INDEPENDENCE
UKRAINE-CRISIS/INDEPENDENCE

Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky mande pou pran sanksyon kont gwoup Ris Rosatom pou "chantaj radyasyon" li ap fè nan santral nikleyè Ikrenyen an nan santral Zaporijjia kote lame Ris etabli baz yo.

Vladimir Zelensky te fe deklarasyon sa a pandan yon entèvansyon li te fè sou videyo konferans sou enèji ak konpayi Stavanger nan Nòvèj.

Li te deklare "Li pa nòmal ke jiska prezan pa gen okenn sanksyon kont Rosatom pou chantaj li ap mennen nan santral enèji nikleyè Zaporizhia a. "

XS
SM
MD
LG