Accessibility links

Breaking News

Anketè Entènasyonal Pare Pou Enspekte Santral Nikleye Zaporizhzhia a

This picture released Aug. 29, 2022 on the official Twitter account of the International Atomic Energy Agency shows IAEA chief Rafael Grossi (C) posing with a team of 13 people wearing caps and sleeveless jackets bearing the nuclear watchdog's logo. (AFP

Anketè entènasyonal pare pou yo enspekte nan jou k ap vini yo izin nikleyè Zaporizhzhia ki an danje pandan nouvèl yo rapòte samdi a nouvo batay nan alantou enstalasyon-an.

Yon ekip ekspè nan Ajans Entènasyonal Enèji Atomik-la ki gen abreje nan angle IAEA, ka vizite estasyon enèji a semèn sa a, dapre konseye minis enèji Ikrèn, Lana Zerkal. Nouvèl yo site pawòl Alatèt IAEA a, Rafael Mariano Grossi, ki di li vle enspekte izin nan nan kèk jou, e li avèti ke ka gen dezas.

Otorite yo pè pou yo pa riske wè yon fuit radioaktif si kèk seksyon nan kokenn enstalasyon nikleyè a pran kout zam. Moskou fè konnen li sipòte travay IAEA a men ke li refize wete sòlda li nan enstalasyon an pou kreye yon zòn kote zam pa gen dwa antre.

Ni LaRisi ni Ikrèn, yo len ap akize fòs lòt la pou kout kanno ki tire sou pi gran izin nikleyè ann Ewòp la.

XS
SM
MD
LG