Accessibility links

Breaking News

Pap Franswa Voye Ankourajman Li Bay Sekouris Kiben yo Apre Dife Pwovens Matanzas la


Ponpye deplase nan yon kamyon nan depo petwol Matanzas la pou etenn gwo dife ki pete nan Matanzas, Kiba, 7 Out, 2022.
Ponpye deplase nan yon kamyon nan depo petwol Matanzas la pou etenn gwo dife ki pete nan Matanzas, Kiba, 7 Out, 2022.

Pap Franswa ofri sipò li bay ponpye ak sekouris nan Kiba apre yon kokenn chenn eksplozyon te fèt nan yon depo petwòl nan pwovens Matanzas nan wès peyi a.

Pap Franswa voye yon mesaj sou Telegram lendi bay achevek Kiben yo, kote li di yo l ap swiv nouvèl sou "aksidan regretab la."

Pap la ajoute l ap priye pou ti Kiben yo, sitou sa yo ke dife a afekte e pou "Bondye ba nou fòs ak kouraj pou nou fè fas ak moman tristès sa a. "

Dife a te kòmanse vandredi swa apre yon kout loraj t al tonbe sou yon gwo tank kote yo sere petwòl pandan move tan, epi sa deklanche plizyè lòt eksplozyon.

Yo jwenn omwens you kadav e gen plis pase yon douzèn ponpye ki dispart.

XS
SM
MD
LG