Accessibility links

Breaking News

17 Moun Disparet nan Dife ki Pete nan yon Depo Petwòl Kiben


Moun gade yon gwo nyaj lafimen kap soti nan Baz Sipetank Matanzas la nan peyi Kiba, 6 Out, 2022.
Moun gade yon gwo nyaj lafimen kap soti nan Baz Sipetank Matanzas la nan peyi Kiba, 6 Out, 2022.

Otorite Kiben yo di dife ki pran nan yon depo petwòl apre yon kout zeklè frape li, ap boule san kontwòl nan vil Matanzas, kote 4 eksplozyon ak flanm dife blese 80 moun. Gen 17 ponpye ki disparèt.

Otorite yo di ponpye yo ak lot espesyalis ap eseye etenn dife a nan Baz Sipètank Matanzas la, ki te pran dife pandan yon gwo lapli ak loraj Vandredi swa.

Gouvènman Kiben an di Samdi apremidi gen yon tank ki pran dife e ke li pwopaje jis tan li gaye nan yon dezyèm tank.

Aksidan an rive nan moman Kiba ap redi pou'l jere rate gazolin lakay li.

Depo a gen 8 gwo kokenn chenn tank petwòl ke yo sèvi pou jenere elektrisite.

XS
SM
MD
LG