Accessibility links

Breaking News

Prezidan Almay Deklare Lagè Ris nan Ikrèn se "Yon Lagè Kont Inite Peyi Ewòp yo" tou


German President Frank-Walter Steinmeier visiting Finland
German President Frank-Walter Steinmeier visiting Finland

Dimanch, Prezidan Alman an Frank-Walter Steinmeier te kritike lagè ke Prezidan Ris la Vladimir Putin ap mennen kont Ikrèn, e li deklare lagè sa a " kont inite peyi Ewòp yo".

"Lagè ke Putin ap mennen kont Ikrèn se tou yon lagè kont inite peyi Ewòp yo. Nou pa dwe kite lagè sa divize nou, nou pa dwe pèmèt gwo travay nou te kòmanse, nou pa dwe kite Ewòp sa ki ini divize, " [prezidan an deklare. Li te fè deklarasyon sa yo pandan yon diskou li te fè nan Paderborn .

"Lagè sa a se pa sèlman sou teritwa Ikrèn lan, li se tou yon lagè sou fondasyon valè nou yo", li sjoute.

Misye te kontinye pou l di "Larisi pa gen poblwem pou li antre sou fwontyè yon peyi ki endepandan, li antre okipe teritwa yon eta vwazen ki souveren, li ale byen lwen. "
XS
SM
MD
LG