Accessibility links

Breaking News

Vwayaj Premyè Dam Ikrèn nan te Fè Washington Sa Pa Gen Lontan “Kòmanse Bay Bon Rezilta”


Lide La Chanm de Reprezantan Etazini Nancy Pelosi prezante Olena Zelenska, premye dam Ikren bay manm Kongre a nan Capitol la, Mekredi 20 Jiye 2022.
Lide La Chanm de Reprezantan Etazini Nancy Pelosi prezante Olena Zelenska, premye dam Ikren bay manm Kongre a nan Capitol la, Mekredi 20 Jiye 2022.

Vwayaj Premyè Dam ikrenyèn nan te fè Ozetazini nan kòmansman semèn nan pa pran tan pou l bay bon rezilta. An tou ka, se sa prezidan ikrenyen an, Volodymir Zelenskyy, deklare nan yon mesaj li mete chak jou devan pèp la.

Zelenskyy fè sitwayen konpatriyòt li yo konnen ke senatè ameriken sa yo: James Risch, Benjamin Cardin, Roger Wicker, Rochard Blumenthal, Rob Portman, Jeanne Shaheen avek Lindsey Graham soumèt yon pwojè-rezolisyon ki rekonèt zak lame ris la poze nan Ikrèn kòm zak jenosid oubyen asasina sivil pa bann e pa pakèt. Lidè ikrenyen an deklare :

“Daprè pwoje-rezolisyon an, sena ameriken an kondane Larisi poutèt li komèt zak jenosid kont pèp ikrenyen an. An plis de sa, dokiman an lanse apèl bay Lèzetazini ansanm avèk alye l yo nan l’OTAN ak Inyon Ewòp la pou mande yo apiye gouvènman ikrenyen an nan efò l ap deplwaye pou l anpeche Larisi komèt plis move zak konsa toujou kont pèp ikrenyen an, pou yo apiye tribinal ak ankèt kriminèl entènasyonal k ap fèt dekwapou otorite politik Larisi yo ak pèsonèl militè peyi sa a rann kont pou lagè agresyon yo lanse nan Ikrèn nan, yon lagè kriminèl kote yo komèt krim kont limanite avèk asasina masif.”

XS
SM
MD
LG