Accessibility links

Breaking News

Moskou Deklare li Atake Yon Sib Militè nan Odessa

A handout image made available by the Odessa City Council Telegram channel, July 24, 2022, shows Ukrainian firefighters battling a fire on a boat burning in the port of Odessa after missiles hit the port on July 23, 2022. (Odessa City Council Telegram ch

Envazyon Ris la nan Ikrèn te antre nan sizyèm mwa li Dimanch, yon jou apre atak sou pò a Odessa a, ki menase aplikasyon akò sou reouvèti pò a pou ekspòtasyon sereyal Ikrenyen yo ki bloke depi kòmansman lagè a.

Nan Moskou, pòtpawòl diplomasi Ris la te di ke misil yo te detwi yon enfrastrikti militè nan pò Odessa a.

Maria Zakharova te ekri sou kont Telegram li "Yon Misil te detwi enfrastrikti militè nan pò Odessa e se te yon atak ak presizyon,", li te ekri mesaj sa an repons a yon deklarasyon Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy ki te di ke atak sa yo te detwi posiblite pou yon dyalòg oswa yon antant ak Moskou.

Envazyon Larisi nan Ikrèn - koze yon gwo kriz alimantè nan mond lan, paske yo se 2 peyi kote 30% nan ekspòtasyon sereyal nan lemonn lan soti, e blokaj sereyal yo nan pò a afekte kontinan Afriken anpil.

XS
SM
MD
LG