Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Deklare Putin Viktim Pwòp Pawòl nan Bouch Li


Russian President Vladimir Putin attends the forum of the Agency for Strategic Initiatives via videoconference in Moscow, July 20, 2022.
Russian President Vladimir Putin attends the forum of the Agency for Strategic Initiatives via videoconference in Moscow, July 20, 2022.

WASHINGTON - Prezidan Larisi a, Vladimir Putin, sanble tonbe viktim pwòp kreyasyon mitik li ak fantezi pèsonèl li, sa ki rann li enkapab pou l kite tonbe volonte li genyen pou l pran kontwl Peyi Ikrèn kèlkeswa pri yon plan konsa koute l. Sa se konklizyon pi gwo espyon ameriken an, an palan de direktè Ajans Santral Ransèyman Lèzetazini an (CIA), William Burns.

Burns, ki se dènye direktè CIA an dat ki te rankontre pèsonèlman avèk Vladimir Putin avan lidè ris la te bay fòs militè peyi li lòd pou yo te anvayi Ikrèn, lanse avètisman, mèkredi pou l di prezidan ris la kwè vrèman ke li oblije mete men sou Ikrèn pou l kapab reyalize destine li. Direktè CIA a, ki t ap pale devan yon piblik nan rankont anyèl Fowòm sou Sekirite Aspen nan, nan Eta Kolorado, deklare:

“A la verite Putin gen konfyans nan diskou l ap fè yo; mwen te tande misye di an prive, pandan plizye ane, ke Ikrèn pa reprezante yon peyi reyèl. Li te panse vrèman li ta kapab al pran Kyèv nan mwens ke yon semèn.”

Burns fini pa di:

“Misye gen konviksyon ke destine li kòm lidè Larisi se retabli Larisi kòm yon grann puisans, e li pa kwè li ka ranpli misyon sa a si l pa kontwole Ikrèn avèk chwa peyi sa a ap fè. Li panse li gen yon dwa nòmal, Larisi gen yon dwa nòmal pou l domine Ikrèn.”

XS
SM
MD
LG