Accessibility links

Breaking News

Robinson Pierre Louis Ansyen Manm Kabinè Ministè Jistis ak Sekirite Piblik Anba Kòd Pou Trafik Zam


SRC: PNH
SRC: PNH

Biwo ki jere Afè Finansye ak Ekonomik (BAFE) arete Vandredi 22 Jiyè 2022 a Ansyen Manm Kabinè Ministè Jistis ak Sekirite Piblik Robinson PIERRE LOUIS.

La jistis sispèk li nan koripsyon, trafik enfliyans ak asosyasyon kriminèl nan kad yon dosye ki gen rapò ak trafik zam afe ilegal ak minisyon yo te jwenn nan vil Port-de-Paix.

Aktyèlman li nan men DCPJ pou kontinyasyon pwosedi yo.

Ansyen Komisè Gouvènman Tribinal Premye Enstans Port-de-Paix Michelet Virgile te jwenn aretasyon l tou epi yo te transfere l nan DCPJ apre li te lage swadizan yon trafikan zam ak minisyon ke otorite yo te arete ki gen rapò ak dosye sa a.

XS
SM
MD
LG