Accessibility links

Breaking News

PNH Anonse Ektradisyon Prezime Bandi Gang '400 Mawozo' Maxony Germinal


Maxony Germinal was extradited to the United States of America this Saturday, July 16, 2022
Maxony Germinal was extradited to the United States of America this Saturday, July 16, 2022

Polis Nasyonal Ayisyen an anonse ektradisyon Samdi 16 jiye prezime bandi gang Maxony Germinal. PNH di ekstradisyon misye nan Washington fe pati yon pwosesis jidye ke otorite Ameriken yo te inisye.

Dapre lapolis, Maxony Germinal te reponn kestyon DCPJ 26 Avril pase a nan Malpasse, nan moman li tap tante travese frontye a pou al Repiblik Dominiken nan yon machin Ford Ranger blan.

Yo akize'l deske li se prensipal founize zam gang "400 Mawozo a" ak youn nan konplis anlevman ak sekestrasyon misyone Ameriken yo 16 Oktob 2021. Nap raple gang lan te kidnape misyone yo sou wout nasyonal nimewo 8.

VOA Kreyol mande depatman jistis Etazini plis enfomasyon sou Maxony Germinal. Yo reponn ke yo paka fe komante sou ka sa a pou kounyea.

Maxony Germinal se twazyem prezime bandi gang 400 Mawozo a ke Etazini ekstrade an koneksyon ak kidnapping misyonè 16 Ameriken Christian Aid Ministries yo.

Lot yo se: Jean Pelice alyas "Zo" ke lajistis Amerikèn te akize ofisyèlman 7 Jiyè pou wol li te jwe nan kidnaping misyonè yo. Pelice gen 27 an e li anba kod Ozetazini depi 16 Me 2022. Li fèmen nan prizon Washington.

Dapre dokiman legal VOA Kreyol we, pwochen odisyon misye devan tribinal fikse pou 21 Jiye.

Germine Joly alyas "Yonyon"
Germine Joly alyas "Yonyon"

Anvan sa, Etazini te ekstrade Joly Germine, lidè 400 Mawozo a ki te fèmen nan prizon ann Ayiti. Germine, alyas "Yonyon" femen nan prizon nan Washington tou, depi 10 Me 2022. La jistis Amerikèn akize'l dèske li te konplote pou komèt kidnaping. Misye plede non koupab devan tribinal federal la.

Dapre dokiman legal VOA Kreyol we, pwochen odisyon Joly Germine devan tribinal se va 21 Septanm.

XS
SM
MD
LG