Accessibility links

Breaking News

Lajistis Amerikèn Akize Germine Joly deske Li Te Jwe yon Wòl nan Kidnaping 16 Misyonè Ameriken


Germine Joly alyas "Yonyon"
Germine Joly alyas "Yonyon"

Ozetazini, lajistis federal akize lidè gang 400 Mawozo a, Germine Joly, alyas Yonyon, pou swadizan wòl li te jwe nan kidnaping 16 Ameriken nan peyi d Ayiti nan ane 2021.

Joly, ki gen 29 an, gen pou l reponn akizasyon deske li te dirije operasyon gang 400 Mawozo a pandan li te nan prizon nan Pòtoprens. Otorite ayisyen yo te ekstrade li semèn pase a Ozetazini kote plizyè lòt akizasyon ap peze sou do li, tankou trafik zam.

Lajistis di malgre Germine Joly te nan prizon, se li ki t ap "dirije e kontwole operasyon gang 400 Mawozo yo; pa egzanp, se li ki te dirije negosyasyon sou ranson gwoup gang nan te mande pou lage otaj yo".

XS
SM
MD
LG