Accessibility links

Breaking News

PNH Anonse Arestasyon Gina J.L. Rolls an Koneksyon ak yon Kagezon Zam ak Minisyon


PNH Haiti
PNH Haiti

Nan yon videyo li pibliye sou kont Facebook li, Polis Nasyonal Ayiti (PNH), anonse arestasyon Madan J.L. Rolls, 55 an. Arestasyon sa a fèt apre dekouvèt yon kontenè chaje ak zam epi minisyon Jedi pase a, nan Ladwan Potoprens.

Madan Rolls dekri tet li kom "broker" nan entèvyou ak Polis Nasyonal d'Ayiti apre arestasyon li. PNH te gen yon avi rechèch kont li an koneksyon ak kagezon zam nan.

Lè lapolis mande'l esplikasyon sou kontenè zam nan, li te reponn:

"Mwen paka konn bagay sa yo ditou". Li di li te resevwa lis sa ki te nan kontenè a, e ke ladann te gen lèt an poud ak lot pwovizyon. Madan Rolls di PNH li pat o kouran sa ki te andedan kontenè yo sezi Potoprens la.

"Mwenmenm mwen fè yon travay pwofesyonèl" Madan Rolls di lapolis. "Mwen etone tankou tout sitwayen nan peyi a" e mwen "estomake" wè kagezon zam nan.

Nap raple ke Komisè Gouvènman Pòtoprens la, Jacques Lafontant konfime 14 Jiye, sezi yon kontenè ladwan ki gen zam ladann. Li di sete pou legliz Episkopal Ayiti. Moun ki te sipoze vinn resevwa kagezon an sete Madan Gina J.L. Rolls.

Lè VOA te mande komisè a kiyès Madan Gina ye, li te reponn ke se yon moun ki konn vinn dedwane pou legliz la. Kontenè a te soti Etazini.

Komisè Latontant di VOA Kreyòl "nou dekouvri prèske yon 20en zam otomatik. Pami te gen yon am 12 ak 4 am de pwen, avèk plis pase yon santèn 20,000 katouch e nou dekouvri plis pase yon santèn chaje plizyè kalib. "

XS
SM
MD
LG