Accessibility links

Breaking News

PNH Anonse yon Nouvo Arestasyon an Koneksyon ak Sezi Zam nan Pò a


Lapolis Nasyonal Ayiti anonse sou kont Facebook li, arestasyon Lovenie Louis Jean an koneksyon ak ankèt lap mennen sou yon sezi zam ak minisyon nan po Potoprens la 14 Jiyè pase.

PNH di se yon operasyon BLTS (Brigad Lit Kont Trafik Stipefyan) ak DCPJ (Direksyon Santral Polis Jidisye) te mennen sou wout ayewopò a 21 Jiyè ki debouche sou arestasyon an.

DCPJ tap chache Madan Louis Jean an koneksyon ak sezi zam nan apre arestasyon 2 lòt moun - pami yo Gina J.L. Rolls ki te gen non li sou kagezon an.

PNH te sezi 22 zam a fè - pami yo 19 fizi d'aso, 140 chaje d'arm diferan kalib ak plis pase 14,500 katouch nan yon kontene ki te sipoze ale jwenn Legliz Episkopal.

Met sou sa yo te jwenn 50,000 biyè dola kontrefè ke yo te konfiske, dapre sa PNH di.

Madan Rolls di lapolis pandan entewogasyon li ke li se yon senp "broker" e ke li pat o kouran sa'k te nan kontenè a. Se dedwane sèlman li te vinn dedwane pou legliz la.

Responsab legliz Episkopal yo yomenm, pi bonè semèn sa a te mande leta Ayisyen fe limye sou kagezon zam ki destine pou li a. Yo di sa bay yon move imaj de legliz la.

XS
SM
MD
LG