Accessibility links

Breaking News

Alye Trump Bannon Dakò Kounyea pou Temwaye Devan Komite 6 Janvye La Chanm nan


Foto Achiv: Ansyen stratej Lamezonblanch Steve Bannon pale ak jounalis yo apre li kite yon tribinal federal nan Washington, 15 Nov. 2021.
Foto Achiv: Ansyen stratej Lamezonblanch Steve Bannon pale ak jounalis yo apre li kite yon tribinal federal nan Washington, 15 Nov. 2021.

Ansyen stratèj Lamezonblanch anba Prezidan Trump, Steve Bannon, k ap fè fas ak akizasyon kriminèl poutèt li te defye pandan plizyè mwa, yon demann pou'l vin rakonte sa li konnen sou atak kont Capitol la, di komite La Chanm dè Reprezantan kap mennen ankèt sou atak la li dakò pou'l konparèt devan yo kounyea.

Palmantè yo di desizyon Bannon nan vini jwenn yo nan yon lèt byen ta Samdi, ke avoka li voye ba yo. Devlopman sa a vini nan moman komite a ap fè preparasyon pou revele kèk nouvo temwayaj ki ka fè moun sezi pa rapò ak Trump. Komite a di li gen kèk dènye odisyon pou'l fè.

Bannon te toujou di temwayaj li pwoteje antanke "privilèj egzekitif" jan ansyen Prezidan Trump konn reklame a.

Sepandan kounyea, Trump di li taka kite tonbe reklamasyon "privilèj egzekitif la" dapre sak nan lèt avoka Bannon voye a.

XS
SM
MD
LG